Youn kenbe lòt men nan lamen,
Paske se frè ak sè nou ye.
Youn louvri kè byen gran bay lòt.
S’on sèl kòt fanmi nou ye.
1. Lè nou rasanble, Jezu nan mitan.
Ala kè kontan, ala yon fèt anfòm.
2. Lè youn kenbe lòt, youn se fòs pou lòt.
Youn renmen lòt vre, ala yon fèt anfòm!
3. Bondye met ak nou, li fè nou fè youn.
Li kontan ak nou, ala yon fèt anfòm!
4. Nan Bondye Papa a, nan Jezu Gran frè,
Nan renmen yo a, ala yon fèt anfòm!