1. Nan tan lontan nan Bètleyèm
Se pa ti zafè k’ pase.
Se Bondye menm ki sòt nan syèl
Vin pran fòm yon ti bebe.
Yon lame zanj sòti nan syèl
Yo deklare konsa:
«Pou tout moun Bondye renmen yo,
Kè poze pou tout tan».
2. Kèk gadyen bèt nan katye a,
T’ap veye ti mouton yo.
Yon zanj Granmèt parèt sou yo;
Limyè klere tout kote.
3. Gadyen mouton yo pè anpil;
Mesaje Bondye di yo:
Nou pa bezwen sezi konsa.
Se Bòn Nouvèl mwen pote.
4. Jodi a sovè nou fèk fèt
Nan ti vil David la ba;
Se Kris la, se Granmèt nou an.
N’a wè l’ kon you ti bebe.