Yon syèl nouvo, yon tè nouvo.
Jezu vini, tout bagay nouvo.
1. Mwen wè yon syèl nouvo ki parèt.
Mwen wè yon tè nouvo ki parèt.
Premye syèl la premye tè a disparèt.
Ni lanmè a, yo tout vin anglouti.
2. Mwen wè Vil Bondye a Jeruzalèm
Ki sòti nan syèl la kot Bondye.
Li bèl tankou yon bèl madan marye
Ki prèt pou resevwa misye marye l’.
3. Mwen tande yon vwa k’ap rele byen fò.
Kote l’ chita men sa li t’ap di:
Men kote m’ chwazi pou m’ ret ak lèzòm.
M’ap Bondye yo, yo menm y’ap pè mwen.
4. Moun ki chita sou fotèy la t’ap di:
Men mwen vin chanje fas tout tè a.
Se mwen, menm Granmèt la ki di sa.
Se mwen kòmansman ak finisman an.