Wi, Bondye mwen kwè nan tout paròl ou yo.
Kredo, Bondye wi mwen kwè, mwen kwè nan tou sa ou di,
Mwen tande paròl ou a, sou Li mwen jwe lavi m’.
1. Mwen kwè gen yon sèl Bondye, Papa a ki gen tout pouvwa,
Li fè syèl la ak tè a, ni sa m’ wè, ni sa m’ pa wè,
Mwen kwè gen yon sèl Granmèt Jezu-Kri sèl Pitit li,
Li se Pitit Papa a depi avan tout tan
Li Bondye tout bon vre.
2. Mwen kwè Jezu se limyè, limyè ki sot nan limyè
Mwen kwè Jezu se Bondye, Li sot nan vre Bondye a
Jezu se Pitit Bondye, ni se pa fè yo fè li.
Li Bondye tankou Papa a e se ak Pouvwa li
Dènye bagay kreye.
3. Mwen kwè pou l’ sove tout moun Jezu desann sot nan syèl
Gras Pouvwa Lespri Sen an, Jezu vin genyen yon kò
Wi nan vant Mari ki vyèj se la li tounen yon moun
Li soufri sou Pilat, yo kloure l’ sou yon kwa
E yo antere li.
4. Mwen kwè sou twa jou l’ leve, jan Labib te anonse
Li monte anro nan syèl, Li chita adwat Papa a
Li gen pou li retounen nan kantite bèlte li
Pou l’ jije tout moun vivan ak tout moun ki mouri
E li va Wa pou tout tan.
5. Mwen kwè gen Lespri Sen an, li Granmèt, li bay lavi
Se Lespri Bondye Papa, se Lespri Pitit la tou
Yo adore l’ ak Papa a ansanm ak Pitit la tou
Li jwenn menm lwanj ak yo, se li ki t’ap pale
Lè profèt yo t’ap pale.
6. Mwen kwè gen yon sèl Legliz, ki fè yon sèl kòd fanmi
Li sen, li la pou tout moun, sou Apot yo li bati.
Mwen kwè gen yon sèl batèm pou lave peche nou yo
M’ap tann tout mò leve, m’ap tann lavi k’ap vini an
Mèsi Bondye. Amèn.