Viv Manman Notredam,
Manman pèp ayisyen
Espwa nèg ak nègès,
Nou vin fè ou konpliman.
(Dènye pèp sou latè ap chante pou ou
Ap danse pou ou, bat bravo pou ou.)
1. Mari, se rèn lakay nou ou ye
Bèl kouròn ou sou tèt ou
Manman se ou k’ap veye sou nou
Toujou kanpe avèk nou.
2. Mari se ou ki avoka nou
Se ou k’ap defann kòz nou
Manman soufrans nou se soufrans ou
Toujou siye dlo nan je n’.
3. Mari se ou menm ki modèl nou
Mete nou nan bon chemen
Manman kenbe n’ rale n’ nan ronn ou
Fè n’ ret dosil sou bra ou.