Alelouya, Viv Levanjil la!
Alelouya, Paròl liberasyon an,
Alelouya, Bravo pou Jezu-Kri,
Alelouya, lwanj pou li.
1. Paròl Levanjil la, se Paròl Bondye.
Se paròl lavi nou, paròl delivrans nou.
2. Paròl la tounen moun, li vin sou tè a.
Paròl sa a se Jezu, vrè Pitit Bondye a.
3. Paròl la se limyè pou klere tenèb nou
Se li ki chemen an, ki laverite a.