Viv Bondye nou ki nan syèl la!
Li bay kè poze pou tout moun sou tè a!
1. Papa ki gen tout pouvwa pou jan ou renmen nou,
Nou kontan di ou mèsi pou tout mèvèy ou fè.
2. Ou voye Jezu-Kri, Granmèt nou, Pitit ou
Vin wete n’ anba peche pou ba nou lavi.
3. Gras a Lespri Sen an k’ap mennen nou jwenn ou
Pou n’ fè yon sèl fanmi ansanm ak tout frè n’ yo.