Viv Bondye nan syèl la
Sou tè a se pou pèp li a viv ak kè poze.
N’ap fè louanj pou li, se li n’ap adore
N’ap fè konpliman pou li.
(Louanj e glwa pou Bondye nan syèl la, alelouya
Li bay kè poze l’ pou tout moun sou tè a.)
1. N’ ap lwanje non ou devan tout nasyon yo
N’ap deklare yo tout mèvèy ou fè
Avèk pouvwa ou, ou kreye syèl la
Ou kreye tè a, fò n’ di: Alelouya.
2. Tout sa k’ sou latè fè lwanj pou Granmèt la
Tout zwazo nan syèl yo fè mizik pou li.
Fèy bwa k’ap souke di glwa pou Granmèt la
Nou menm ki kretyen fò n’ di : Alelouya.
3. Ou ba nou Jezu pou n’ ka kwè pi fèm
Se mouton ou la ki vin sove nou
Ou ba nou Lespri Sen pou sèvi n’ temwen
Gras a Lespri Sen n’ap di : Alelouya.