Viv Bondye nan syèl la
Viv Bondye ki mèt syèl la ak tè a,
N’ap rele bravo, bravo pou li.
(Viv Bondye nan syèl la;
Viv Bondye an nou fè lwanj pou li.)
1. Se pou sa ki egziste fè konpliman
Pou Granmèt la, pou tout mèvèy li fè tande
Se pou n’ di bravo pou li, bravo, bravo.
2. An n’ fè konpliman pou Bondye
N’ap di l’ mèsi pou jan li bon
Li se Bondye ki san parèy
An nou di bravo pou li, bravo, bravo.
3. An n’ rele viv pou Jezukri
Pitit Papa a e gran frè nou
Ki mete bèlte sou tè a
An nou di bravo pou li, bravo, bravo.
4. An n’ rele viv Lespri Sen an
Sila k’ap mennen Legliz la
Se pa filyèl pou nou pase
Rele viv, bravo pou li, bravo, bravo.