Viv Bondye ki Wa nan syèl la,
Viv Bondye ki Wa toupatou!
1. Kè poze pou zanmi Bondye,
pou kretyen k’ ap viv sou latè.
Tout sa ki gen lavi nan yo,
bat bravo pou Bondye ki Wa.
2. Kè poze pou pitit Bondye
ki mouri pou l’ te kab sove n’,
Li pat pè bay lavi l’ pou nou,
bat bravo pou frè nou Jezu.
3. Kè poze pou Lespri Sen an
k ap simen lanmou nan kè nou,
Se Lespri Papa a ak Jezu,
bat bravo pou mèvèy sila a.