Vini jwenn Jezu, vini jwenn Jezu,
l’ap kenbe ou nan konba lavi a,
Vini jwenn Jezu, vini jwenn Jezu,
L’ap ba ou fòs pou gen laviktwa.
1. Ou menm k’ape kriye e ki an dezespwa,
Envite l’ lakay ou e l’ap vin konsole ou.
2. Si se pou yon lide ou gen nan tèt ou,
Èske ou kwè pou kont ou sa k’ap reyalize?
3. Si tèt ou pa an pè, oubyen kè ou sere,
Se pa pèdi konfyans, lage ou nan men Jezu.
4. Afòs w’ap kalkile, ou fin bliye Bondye,
Men se sa ki lakòz w’ap fè move chemen.