Vini fè gran fèt pou Granmèt la,
paske Granmèt la fè mèvèy.
1. Vini, an nou fete Granmèt la,
an nou bat bravo pou fòs ponyèt li k’ ap sove nou,
paske li mete chèf ap kòmande pèp li a,
se nan bouch chèf sa yo li mete paròl li.
2. Proche devan li avèk gro louanj,
fete li ak tout kalite bèl chante,
paske Granmèt la se sèl Bondye tout bon,
sèl gran, sèl chèf, sèl wa anro nèt.
3. Vini, an nou bese tèt nou byen ba,
an nou lage kò nou plat atè,
an n’ adore Granmèt la, li menm ki te fè nou,
an nou rekonèt nou piti anpil devan li.
4. Se Granmèt la ki sèl Bondye pou nou,
nou se pèp li, nou se mouton ki sou kont li,
nou se pitit li, li renmen nou ak tout kè,
pito se koute nou koute paròl li jodi a.