Van mèt ap soufle, tanpèt menase,
Lè l’ pale yo tande.
Jezu ou toujou la, ba nou lafwa
Pou kè nou poze.
1. Nan lanmè yo te ye, yon lak yo t’ap travèse
Nan kannòt ak kè yo byen poze.
Jezu menm fatige, li fè yon ti panche
E toutsuit somèy pote l’ ale.
2. Van tanpèt deklare, lanmè fin debòde
Mesye yo wè se afè serye.
Yo di: mèt, reveye, si ou pa wè n’ an danje,
E Jezu pale, van an rete.
3. Jezu di yo konsa: «Èske n’ pa gen lafwa?»
Yo sezi e yo tout pran tranble.
Lè mesye yo wè sa yo di kilès li ye
Pou l’ pale, lanmè ak van tande.
4. Si Bondye t’ap dòmi, kilès ki ta kap viv
Yon sèl kou tout bagay ta detwi.
Men m’ konnen Bondye la, tout kote alafwa,
Ni lè l’ fè klè, ni lè l’ fènwa.