Tout vwa eklate, Alelouya! Paròl Bondye se lespri ak lavi.
Tout vwa eklate, Alelouya! Moun ki koute l’ ala bon li bon.
1. Mwen te mouri pou nou, mwen leve byen vivan,
mwen se rezireksyon, mwen se vrè chemen an.
2. Mwen se laverite, mwen se lavi san fen,
moun ki mache avè m’ yo pap mouri ankò.
3. Wi Granmèt n’ asire, se ou ki sovè a
Pitit Bondye ou ye, bèl limyè k’ ap klere.