Tout pèp Bondye an n’ chante lwanj pou li,
An nou proche jous devan lotèl la,
Ramo nan men n’ n’ap avanse ansanm,
Ak bèl kantik pou n’ di jan nou kontan.
Tout sa k’ egziste dwe chante lwanj pou li,
Ni sa ki nan syèl ni sou latè chante.
1. Tout sa Bondye fè dwe chante pou li.
Tout zanj ki nan syèl yo fòk nou chante,
Lesyèl ak latè, ak tout sa k’ nan yo,
Se Bondye k’ kreye nou, pou n’ fè lwanj li.
2. Tan frèt ak tan cho, laglas ak lanèj,
Tout zetwal nan syèl yo fòk nou chante.
Lejou ak lanuit, fènwa ak limyè…
3. Solèy ak lalin, zèklè ak loraj,
Lapli, larouze yo fòk nou chante,
Tout van k’ap soufle, dife ak chalè…