Tout moun k’ap viv sou latè
Y’ap di ala mwen gen chans,
Bondye ki gen tout pouvwa
Fè anpil mèvèy pou sèvant li ki pòv.
1. M’ap chante lwanj Granmèt la,
Lespri m’ kontan nan Bondye,
Se li menm ki vin sove m’,
Li voye je li sou sèvant li ki pòv.
2. A pati jodi a menm
Tout moun k’ap fèt sou latè
Y’ap chante jan mwen gen chans
Sa ki plen pouvwa a fè gran mèvèy pou mwen.
3. Li gen yon non ki apa,
Li gen yon kè ki sansib,
Pou tout moun yo ras an ras,
Sa ki met tout kè yo pou yo adore l’.
4. Li leve bra li byen ro,
Li met tout fòs li deyò,
Li gaye moun yo byen lwen,
Sa ki te konprann yo pi plis pase lòt.
5. Li chavire profitè
Sòt sou fotèy pouvwa yo,
Se sa ki tou piti yo,
Se yo menm li pran pou l’ leve yo byen ro.
6. Tou sa ki te nan grangou
li fè yo manje vant plen,
men sa ki te plen richès
li voye y’ale avèk de men yo vid.
7. Li vin pote nou sekou
nou sèvitè l’ Israyèl
Li sonje jan l’ te renmen
Abraam ak ras li pou tout tan gen tan.
8. N’ap chante lwanj ou Granmèt
gras a Jezu Pitit ou
nan Lespri li ki chanje
tout lavi Mari pou tout tan k’ap gen tan.