Toulèjou n’ap travay, n’ap konbat ak espwa.
Se konsa n’a rive jis lakay Papa nou.
1. Nap mache nan fènwa, kè n’ senyen, kè n’ sere,
N’ap trimen, n’ap soufri, n’ap chèche delivrans.
Men m’ sèten gen limyè pou vye nèg Dayiti
Gen limyè sou mòn nan, limyè delivrans lan.
2. n’ ap mache men nan men, n’ap met tèt nou ansanm.
Pou n’ wè si n’a rive jis lakay Papa nou.
Yo di nou, you sèl dwèt pa manje kalalou.
Youn ap bay lòt kouraj, youn ap bay lòt espwa.