Tè sèk la va rouze, jaden yo va pouse.
Sovè n’ nan pral vini.
L’a pran ka pitit Bondye yo.
1. Malere yo pra l’ kanpe.
Prizonye yo va lage.
Tout moun ava rele di: mèsi Bondye.
2. Tout pye bwa yo va donnen
Bonjan fwi, pap gen konsa.
Toun moun ki grangou yo pral manje vant plen.
3. Maladi nou va geri.
Inyorans menm ap detwi.
Tout sa k’ nan fènwa ap wè fè klè pou yo.
4. Tout mizè nou ap fini.
Enjistis tou ap kraze.
Tou sa k’ t’ap soufri yo pra l’ gen kè kontan.