Tanpri souple Papa, pran li,
Tanpri souple Papa, pran li!
1. Lavi nou, men li Papa,
Se ou menm ki te mete l’ anndan nou,
Ou se lavi, lavi nou se pou ou,
Nou pote lavi n’ ofri ou.
2. Ti pen an, men li Papa,
Ala mèvèy ou pral fè avèk li,
Li pral tounen pen ki bay lavi a,
O Papa m’ kontan ofri w’ li.
3. Diven an, men li Papa,
Ala yon kado ki pral vin pou nou,
L ap tounen San Nouvo Kontra Kris la,
Wi, Papa, nou vle ofri w’ li.