Syèl simen larouze, pou jaden an rafrechi.
Syèl voye sovè a pou pèp ou a delivre.
1. Fò ou pa ta fache ankò, Granmèt souple.
Fò ou pa ta sonje fòt nou an.
Men Jeruzalèm, vil ou a fin devaste.
Men Siyon fin tounen tè chode.
Peyi ou la fin dezole.
Peyi sa a ki te konn wè richès ou.
2. Nou fin depafini, nou fin peri Granmèt.
Ou te di w’ap voye yon sovè.
Men lè a rive pou voye Mouton sila a.
Chef sila k’ap vin ban nou chemen.
Voye li non, tanpri souple.
Voye li pou l’ wete nou nan prizon.
3. Konsole, konsole, pa pèd espwa, pèp mwen.
Delivrans la pral vini talè.
Pouki sa pou chagren ta fin devore nou.
Pouki sa pou soufrans ta detwi nou.
Men m’ap vini, pa pèd espwa.
Men m’ap vin sove nou, mwen k’ sèl chans nou.