Syèl la pa piyay: nanpwen vòlò l’ nanpwen achte l’!
Se redi nan travay ap fè sa Bondye di.
1. Nou pa bezwen rele, nou pa bezwen kriye;
Se pa sa k’a sove n’, se fè sa Bondye di.
2. Pa repete: Mèt, Mèt, pou nou konprann nou bon;
Se konnen pou n’ konnen sa Bondye vle pou n’ fè.
3. Pa fè tout kapris nou, pa fè sa n’ pi pito.
Bondye te montre nou kijan li vle pou n’ viv.
4. Nou kwè nou gen lespri, nou konn pase tout moun.
Kote nou kab parèt devan Lespri Granmèt.
5. Bondye konnen pase n’ tout sa ki bon pou nou.
Nou wè yon ti jan troub, Bondye wè toutaklè.