(Psòm 27)
Si papa m’ ak manman m’ abandone m’
Granmèt la ap resevwa m’.
1. Granmèt la se limyè k-ap sove-m
Kilès moun ki kapab fè mwen pè
Se li menm k-ap sèvi mwen defans.
Nan pwen moun k-ap fè mwen tranble.
2. Lè mechan yo fonse vin sou mwen
Pou yo k-ap dechire tout kò mwen
Se lènmi-m, se tou sa-k atake-m
Ki febli joustan yo mouri.
3. Yon lame mèt kanpe la devan-m
Mwen pap menm santi kè mwen k-ap bat
Yo te mèt deklare mwen lagè
M-ap toujou ret fèm nan Bondye.
4. Men ki sa m-ap mande Granmèt la :
Pou-m rete nan lakay li tout vi-m
Pou-m goute jan li gen yon bon kè
Pou-m chèche kote-l abite.
9. Pa pati pou-ou kite mwen pou kò-m
Se ou menm ki Bondye k-ap sove-m
Si papa-m ak manman mwen lage-m,
Se Granmèt la k-ap resevwa-m.
10. Montre-m rout ou vle-m fè-a, Granmèt
Fè-m mache sou chemen ki kòrèk
Pa lage-m bay lènmi k-ap chèche-m
Avèk raj y-ap fè kont sou mwen.
11. Mwen sèten m-ap ouè jan Bondye bon
Sou tè sa-a menm anvan mwen mouri
Fò-m konte sou Bondye Granmèt mwen
Fò-m pran fòs kouraj pou-m tann li.
12. M-ap fè lwanj pou Bondye ki Papa-m
Pou Pitit li ki ban-m randevou
Nan kay la kot Lespri-l rasanble-n
Lwanj pou li pou tout tan gen tan.