Si nou swaf, vin nan dlo nan sous lavi Jezu-Kri.
1. Lè Bondye fin fè tè ak syèl li a,
Li fè yon sous dlo
K’ap koule sou tout fas tè a.
2. Nou te swaf; kon Moyiz frape ròch la
Li fè dlo koule
Tout moun yo jwenn dlo pou yo bwè.
3. Y’ap vide yon dlo pròp pou yo lave n’
Pou li fè nou pròp
Pou yo wete tach nou genyen.
4. Si yon moun bwè nan dlo Jezu ba li
Li pap swaf ankò
Se sous lavi l’ap gen tout tan.
5. Vin kote m’ nou tout moun ki nan lapenn
Ki nan tèt chaje
Suiv sa m’ap di, n’a soulaje.
6. Si nou swaf vin kote li pou nou bwè
Si nou kwè nan li
L’ap ba nou dlo Lespri l’ ki sen.
7. n’ ap fè lwanj gras a Lespri Jezu-Kri
Pou papa l’ tout tan
Li fè nou jwenn vre sous lavi.