Si n’ vle genyen lavi k’ap dire toutan,
Proche vini manje kò Jezu-Kri.
Si nou vle gen fòs pou nou lite toutan.
Vini bwè san Jezu-Kri.
1. Pen n’ap manje a se yon manje tout bon
K’ap nouri nou, k’ap soutni nou.
Diven n’ap bwè a se yon bwason tout bon.
2. Kò Jezu-Kri se yon manje pou nanm nou.
Se li k’ap soutni nou nan bon chemen.
San Jezu-Kri se yon bwason pou nanm nou.
Li ba nou lavi an plen.
3. Pou mwen gen fòs pou m’ konbat ak lavi a,
Vini nan kè mwen, Jezu Granmèt.
Pou m’ gen kouraj pou m’ kenbe fèm nan lafwa.
Vini, kè mwen pou ou nèt.