Sen, Sen, Sen, se ou ki Sen, Sen, Sen.
Granmèt ou sen tout bon vre.
[Se pou ou n’ ap chante] (2)
1. Mèvèy ou plen syèl la ak tè a,
Granmèt zanj yo fè lwanj ou.
Tout sen yo tout ap fè fèt pou ou,
Granmèt ou sen tout bon vre.
Se pou ou n’ ap chante.
2. Lwanj pou Jezu ki vin sove nou,
Granmèt ou renmen nou vre.
Tout lavi nou se pou n’ di w’ mèsi.
Granmèt ou sen tout bon vre,
Nan Lespri ou ki sen.