Ansanm, ansanm, alelouya, alelouya, o alelouya!
1. Se tèt ansanm ki tout sekrè lavi a,
Lè moun renmen yo viv ak kè poze
Bliye tèt ou pou w’ sonje frè w’ ak sè w’ yo,
* Lè nou fè sa se pou Bondye nou fè l’. (2)
2. Nan tèt ansanm nou kapab di men nou,
Nou se Legliz, Legliz Bondye se nou,
Jezu mande n’ pou nou bati Wayòm li,
* Se pou nou tout met men nan travay la. (2)
3. Nan tèt ansanm nou manje Pen Lavi a,
Pen ki soti nan syèl la kot Papa a
Nou jwenn Pen sa a gras a Mari manman nou,
* Mèsi Jezu pou sa w’ fè pou nou. (2)
4. Nan tèt ansanm n’ ap sèvi dènye frè nou yo,
Avèk bon kè san nou pa dekouraje,
Youn ede lòt toutalon rout lavi a,
pou plan Bondye kapab reyalize. (2)