Se nan kò ou mwen vin plenyen mizè mwen,
Granmèt o, Granmèt o!
Se nan men ou mwen vin lage lavi mwen,
Granmèt o, Granmèt o!
1. Menm jan ti moun nan ap kriye sou manman li,
Menm jan jèn moun nan ap bezwen konsèy gran moun yo.
Menm jan gran moun yo bezwen baton vyeyès yo,
Men se konsa m’ ye devan ou, Granmèt mwen.
2. Menm jan tè sèk la chita ap tann lapli,
Menm jan kòd yanm nan ap chèche bwa pou l’ monte,
Menm jan rezen an ape chèche sipò,
Men se konsa m’ ye devan ou, Granmèt mwen.
3. Menm jan papa a ap okipe pitit li,
Menm jan pitit la ap karese papa li,
Menm jan malere yo ap redi pou yo viv,
Men se konsa m’ ye devan ou, Granmèt mwen.