Se chans pou moun yo ki plante nan kè yo.
paròl Bondye a pou yo fè l’ donnen.
1. Se chans pou moun sa a ki pa zanmi mechan.
Ki pa ret kanpe nan chemen ki pou pèdi l’.
Ki pa ret chita ak moun ki vle jwi.
2. Men tout plezi li sa nan lòd Granmèt la.
L’ap repete li pou li kapab kalkile l’.
Pandan tout jounen pandan tout lannuit.
3. Se kon yon pye bwa ki plante bò sous dlo.
K’ap fè fwi donnen lè sezon li an rive.
Fèy li pa janm sèch tou sa l’ fè vin byen.
4. Kanta mechan yo se pa sa k’ rive yo.
Se pa sa ditou, yo menm yo tankou yon pay.
Van k’ap soufle a fè l’ kite tè a.