Sa pòv genyen, se li l’ pot nan mache,
Bòn volonte nou se li nou vin ofri ou.
Si n’ fè yon pa, Granmèt,
W’a fè katrevendiznèf, ooooooo
1. Nou chak ki la pa gen menm karaktè,
Poutan nou chak s’on ti mòso Bondye.
Nou chak ki la a nou ranpli ak defo,
Men an menm tan nou plen bon santiman.
Sa fè nou sonje kijan Granmèt la fò,
Sa fè nou sonje kijan Granmèt la bèl.
E lè nou reyini la a, li la nan mitan nou, ooo.
2. Gen moun ki kwè Bondye se yon problèm.
Poutan Bondye se Bon Papa nou an.
Yo di Bondye se lajan, se plezi.
Yo bliye si souf yo nan pla men Bondye.
Sa fè nou sonje kijan Granmèt la gran.
Epi se li sèl ki kap kontante nou.
Kote gen tèt ansanm nan, li la nan mitan nou, ooo.