1. Yon gran sign parèt nan syèl la
Solèy la vlope Madanm nan,
Lalin nan anba plant pye li
Douz zetwal sèvi l’ kouròn.
Rèn syèl la, rèn tè a tout pitit ou ap salye ou
Se kè nou n’ap ba ou remèt li nan men Bondye.
2. Dragon an an fas Madanm nan
L’ap chèchè pou l’ atake li
Men Michèl ak Mesaje l’ yo
Yo jete li plat atè
3. Dragon an mare batay la
Kont rès ti pitit Madanm nan
Yo menm k’ap suiv lòd Bondye yo,
K’ap sèvi Jezu temwen.
4. Ou leve kon devan jou a
Ou k’ bèl plis pase lalin nan
Ou k’ klere pase solèy la
Ou k’ terib pase lame.
5. Konpliman pou ou Manman nou,
Ou k’ rèn ni syèl la ni tè a
Konpliman pou pitit ou a
Koulye a e pou tout tan.