Rele viv Bondye nan syèl la
Sou tè a kè poze pou moun li renmen yo.
1. Viv Papa ki kreye tè a
Glwa pou li ki Bondye
Se li menm sèl ki ba nou lavi
Bat bravo chante pou li!
2. Viv Jezu sèl grenn Pitit Bondye
Ki bay lavi l’ pou sove n’
Se li menm sèl ki wa pou tout tan
Bat bravo chante pou li!
3. Viv Lespri Bondye Papa a
Ansanm ak pitit la
Se li ki sous lavi tout kretyen
Bat bravo danse pou li!
Amen….Glwa pou Bondye
Amen….Viv Jezu-Kri
Amen….Lwanj Lespri Sen! Amen!