Proche vini, vini manje, pen ki bay lavi a: Vini non!
Jezu se pen, Bondye ba nou pou n’ kab vini nouvo.
1. Jezu se chemen, li se verite, li se lavi,
Se lavi Bondye a menm li ye. (vini, vini)
2. Jezu-Kri se pen vivan ki tonbe sòti nan syèl,
Pou dènye vivan kap gen lavi. (vini, vini)
3. Jezu se manje ki ba nou plis fòs, ba nou kouraj,
Pou n’ kapab konbat move lavi…
4. Jezu se bwason, se dlo vivan ki pase swaf nou,
Si n’ bezwen lavi, prese vini…