Proche vin tande, men nouvèl mwen pote pou nou!
Vini pou nou wè, gro mèvèy Bondye fè pou nou!
1. Yon ti bebe fèt nan yon pak bèt nan Betleyèm,
Vye p’ ti bebe sa, se pitit Bondye Granmèt la.
2. Si l’ vin fèt konsa, se paske l’ pa nan gran panpan,
Li renmen ni pòv ni moun ki gen yon kè ki pòv.
3. Gade jan l’ kouche ou ta di se yon ti malere,
Poutan, mezanmi, li k’ kreye tout sa ki ekziste.
4. Nan ti pitit sa a nou pa wè anyen estraòdinè,
poutan se li menm ki vini pou delivre n’.
5. An n’ bese byen ba pou n’ adore Bondye Papa a,
ki voye ban nou yon sovè pou vin libere n’.
6. Tout kote nou ye se pou nou kapab rasanble,
suiye dlo nan je n’, gen lespwa yon jou n’ a sove.