Pran kouraj pa febli o,
Men Bondye nou k’ap vini o.
1. Fò tè ki sèk la montre kijan l’ kontan,
Se pou savann nan abiye ak bèl flè.
Se pou l’ fleri tankou jaden glayèl yo,
Se pou l’ fete, pou l’ chante jan l’ kontan.
2. Yo ba l’ richès ki nan peyi Liban
Bèlte Kamèl la ansanm ak pa Saron an,
Tout moun ap wè kijan Granmèt la bon,
Tout moun ap wè kijan Bondye debyen.
3. Se pou n’ soutni tout men ki vle febli yo,
Fò n’ rafèmi tout jenou k’ap tranble yo,
Fò n’ konsole tout kè ki boulvèse yo,
Se pou nou di yo kouraj pa pè anyen.
4. Gade n’a wè se Bondye nou ki la.
L’ap vin pou l’ detwi tou sa k’ap antrave nou,
Se Bondye li menm k’ap vin rekonpanse nou,
Se li k’ap vini pou l’ kapab delivre nou.
5. N’ ap chante lwanj ou Granmèt ou ki Papa nou,
Gras a Jezu-Kri ou voye delivre nou,
Nan Lespri Jezu k’ap kondi nou sou rout la,
N’ap fè lwanj pou ou tout tan k’ap gen tan.