1. Zanmi, lè n’ sanble pou nou met tèt ansanm,
Nan non Jezu, sovè.
Lè nou poze san nou pou n’ rive fè youn:
Jezu nan mitan nou.
Poze san nou, louvri kè nou, bouske laverite.
Poze san nou, se nan silans paròl Bondye desann.
2. Se nan gran silans, nan fon zantray Mari
Paròl Bondye vin moun.
Yon ti bebe fèt an silans Betleyèm:
Li se Paròl Bondye.
3. Si w’ap pasyone pou kesyon byen latè,
Silans pa fèt nan ou.
Nan kè ou pa gen plas pou Bondye vin pale.
W’ap desann nan fènwa.
4. Kote gen tripòt, kote len rayi lòt,
Bondye rete byen lwen.
Kote youn kontan wè lòt ap progrese
Se la Bondye parèt.