Pou kisa n’ap plede gade nan syèl la?
Kòm si Bondye se nan nyaj li rete o.
Men pou kisa n’ap chèche Bondye nan nyaj yo?
Li tou prè nou l’ap lonje men ba nou.
1. Tout lasent jounen nou rete ap gade.
De bra nou kwaze anyen na fè, oo.
N’ap di Bondye bon kòm si nou bliye
Fò n’ ede tèt nou pou Bondye kab ede nou.
2. Mwen chèche Bondye, mwen pa janm wè li.
Mwen chèche nanm mwen, mwen pa janm rankontre l’.
Mwen chèche frè mwen, epi mezanmi,
Mwen jwenn ni Bondye, ni nanm mwen, ni frè mwen.
3. Mwen wè frè m’ malad, m’ale vizite l’.
Mwen wè l’ plat atè, mwen lonje men ba li.
Mwen wè l’ nan traka, m’chèche soulaje l’.
Chak fwa mwen fè sa a se Bondye m’ rankontre.