Pitye pou mwen Bondye Granmèt mwen
jan ou sansib, efase peche m’.
1. Fè m’ gras Bondye jan ou gen bon kè,
Efase peche mwen fè.
Jan ou sansib efase peche m’…
Tout mechanste mwen lave l’ pou mwen…
Tout fòt mwen fè netwaye l’ pou mwen…
2. Peche mwen fè se mwen ki konnen l’…
Fòt mwen devan m’ san l’ pa vle kite m’…
Se kont ou sèl mwen te fè peche…
Se sa ki mal devan je ou mwen fè…
3. Bondye kreye yon kè senp pou mwen…
Met anndan kè mwen yon souf ki fèm…
Pa egzile m’ devan fas ou nèt…
Pa retire Lespri Sen ou nan mwen…
4. Vin delivre m’ pou ou fè kè m’ kontan…
Met anndan kè m’ yon lespri ki gran…
Sa k’ nan peche m’a montre l’ chemen…
Sa k’ te pèdi y’a tounen kote ou…
5. Jezu Granmèt ala bon ou bon…
Lespri Jezu ala bon ou bon…
Papa Jezu ala bon ou bon…
Lwanj pou ou tout tan gen tan.