Pitit Bondye nou ye, men nan lamen,
Bondye kontan wè nou, men nan lamen.
1. Papa a renmen n’ anpil, sou kè l’ nou ye,
Li lonje men ban nou, nan men l’ nou ye,
Li soutni lavi nou, sou bra l’ nou ye.
2. Jezu nan mitan nou, frè li nou ye.
Ak li nou se yon kò, manb li nou ye.
Pou paròl li mache, vwa li nou ye.
3. Lespri soude n’ ansanm, yon kò nou ye.
Nan kè nou li rete, kay li nou ye.
Nan li youn renmen lòt, yon kè nou ye.
4. Nou se fanmi Bondye, nan pye l’ nou ye.
Nan Jezu li wè nou, tout kè l’ nou ye.
Tout moun kwè nan Bondye, pou jan nou ye.