Pi bèl pòsyon Mari chwazi l’
Yo pa gen dwa wete l’ nan men l’.
Pi bèl pòsyon Mari chwazi l’
Yo pa gen dwa janm wete li nan men l’.
1. Se te yon lè Jezu te sou rout
Rive l’ antre anndan yon ti bouk,
Gen yon madanm yo te rele Mat
Ki resevwa li anndan lakay pa l’.
2. Li te g’on sè yo rele Mari
Ki te chita nan pye Granmèt la
Li t’ap koute paròl li t’ap di
Mat menm te pri ak travay li t’ap fè.
3. Mat menm rive, li di Granmèt la
Sa pa jennen ou pou sè m’ nan kite m’
Pou m’ ret pou kò m’ ap sèvi tou sèl
Tanpri di li pou l’ vin ban m’ yon koutmen.
4. Men Granmèt la reponn li konsa
Mat pou kisa w’ap pran tèt chaje
W’ap trakase pou anpil bagay,
Sa k’ nesesè s’on ti kras, se yon sèl.
5. Pi bèl pòsyon se Mari k’ chwazi l’
Yo pa gen dwa janm wete l’ nan men l’
Mèsi Granmèt pou paròl ou a
k’ap regle vi n’ pou tout tan k’ap gen tan.