Pen ak diven an, pran yo Granmèt,
Se ak tout kè n’ n’ap ofri w’ yo.
1. Ti moso pen an, se fwi travay nou,
Men se ou k’ fè tout bagay.
Fè l’ tounen Kò Jezu-Kri,
Se Kò sila ki nouriti nanm nou.
2. Tout kè kontan nou ak tout espwa nou,
Se renmen w’ nan ki ban nou l’.
Fè l’ simaye lajwa nou,
Bay tout frè n’ yo sitou sa k’ pi pòv yo.
3. Ti tak diven an, se fwi travay nou,
Men se ou k’ fè tout bagay.
Fè l’ tounen San Jezu-Kri,
Se san sila ki bwason pa nou an.
4. Tout kè sere nou, ak tout nuizans nou,
Se peche n’ yo ki fè sa a :
Fè tout pèp ki sou tè-a,
Fè ou plezi tankou yon bèl kado.