Bondye nou kwè tou sa ou di, paròl ou se laverite,
Nou kwè ou vivan byen vivan pou fè nou jwenn lavi.
1. Bondye nou kwè se ou ki fè ni sa nou wè, ni sa n’ pa wè
Nou kwè ou se yon Papa bon kè ki genyen tout pouvwa.
2. Nou kwè Jezu-Kri se Bondye: Li tounen moun pou l’ sove nou
Apre l’ te mouri sou lakwa, li leve byen vivan.
3. Nou kwè genyen Lespri Sen an: se li l’ap mennen Legliz la
Li nan kè nou pou l’ fè n’ renmen tankou Bondye renmen.