Papa mwen, chè Papa mwen, (2)
Mwen lage lespri mwen nan men ou! (Lk 23,46)
1. Kris rele li di:
Eli, Eli, lama sabaktani.
Sa vle di: Bondye, Bondye,
Pouki ou lage mwen. (Mk 15,34)
2. Kris gade li di:
Papa m’, tanpri souple, padone yo non
Ou deja wè yo pa konnen
Kisa y’ ape fè mwen. (Lk 23,34)
3. Kris reponn li di:
Kon gen Bondye, tande, Se jodi a menm
W’ ap antre nan paradi
Ansanm avèk mwen menm. (Lk 23,43)
4. Kris gade Manman l’:
Li di l’ konsa, Madanm, mwen ba w’ pitit ou.
Epi li di Jan, Pitit
Ale jwenn Manman ou. (Jn 19,27)
5. Kris rele li di:
Saliv mwen ap koupe, yon swaf ap touye m’.
Li te vle pou kè tout moun
renmen tankou kè li. (Jn 19,28)
6. Kris rele li di:
Misyon mwen akonpli «Consumatum estŗ
Tout bagay fin akonpli
Tout bagay fini nèt. (Jn 19,30)