Papa Bondye, peyi nou se pou ou,
Se ou k’ te fè n’, lavi nou nan men ou,
Dirije nou, ban nou proteksyon ou.
1. Kòm pèp n’ ap chèche avanse
Fè n’ wè ki kote pou n’ ale,
Tanpri, ban n’ limyè Lespri ou,
Konsa n’ a bati wayòm ou.
2. Men tou, wayòm ou pap rive
Tout tan genyen moun anba pye,
Tout tan genyen sa k’ ap koule,
Tout tan dwa moun pa respekte.
3. Lavi pou yon pèp se travay,
Travay pou nou genyen yon batay,
Batay devlopman ak pataj.
Mizè, se yon fòm esklavaj.
4. Bondye, nan batay lavi a,
Frè sa a k’ ap jemi nan fènwa,
Fè n’ viv soufrans li tankou pa n’.