Maten, nan nuit m’ape vwayaje,
Panyen sou tèt m’ap chèche lavi mwen,
Mwen bouke Granmèt, tout zo m’ ap tranble,
Tanpri souple vin pote m’ sekou.
1. Lapli tonbe, rivyè desann,
Fòk mwen janbe pou m’ al lakay.
2. Nan tout solèy, digo nan men m’,
M’ape sekle, m’ape plante.
3. Lapli tonbe, tè a glise
M’ap desann mòn, m’ap monte mòn.
4. Mwen travay di pou mwen plante
Fronmi mòde m’, flanman pike m’.
5. m’ape travay m’pa kapab viv
M’ap vann gratis, m’ap achte chè.