Pale paròl la pou sa k’ ap dòmi leve kanpe,
Pou klète l’ la kapab klere tout sa k’ nan fènwa.
1. An n’ konprann paròl la, an n’ chèche viv paròl la,
Pou n’ fouye paròl la, pou n’ jwenn sa k’ anpeche n’ viv.
2. An n’ kraze tout abi ki fè nou tout ap soufri,
Ki anpeche nou pèp tankou tout pèp.
3. Si n’ vle pitit Bondye, fòk nou kab viv paròl la,
Kalkile paròl la, mete li nan lavi nou.