Padon Papa Bondye, padon Granmèt
Kilè n’a ka kanpe devan ou byen dwat
Toulèjou n’ap konbat, pou n’ fè lot pa
Pou n’ pa tounen dèyè se plenn nan kè.
1. Bondye Papa pou jan nou tout divize (Padon)
Kilè n’a di pitit yon papa nou ye (Padon)
Kilè n’a ka di nou se frè tout bon vre (Padon)
Kilè n’a ka di règn Bondye a rive. (Padon)
2. O bon Jezu ou sèl ki pitit Bondye (Padon)
Ou ki trase chemen libète pou nou (Padon)
Kilè n’a konprann sa liberasyon ye (Padon)
Jis pou n’ rive sanble ak ou nèt ale. (Padon)