Pa dekouraje, ròch la deja roule, Jezu leve vivan. (2)
1. Twazyèm jou aprè Jezu mouri
Li leve sot pami mò yo.
Yon lespwa jèmen nan kè lòm,
Gran maten, jou Dimanch Pak la.
2. Pitit moun nan leve vivan,
Li resisite reyèlman vre.
Li fini avèk jèm lanmò,
Se lanmou ki gen laviktwa.
3. Kilès moun w’ ap plede chèche?
Se Jezu nèg Nazarèt la,
Li pa nan kavo a ankò,
Li pami moun ki vivan yo.
4. Se pa tout moun ki te kab wè l’,
Men se moun Bondye te chwazi.
Yo wè li e yo touche li,
Y’al preche: li resisite.