O Lespri Sen desann sou nou,
Vin konble nou ak tout debon
K’ap fè nou sanble ak Bondye.
Lè w’ avèk nou, ou ranje nou byen bèl,
Ou fè tout debyen jèmen nan nou menm.
1. Yo rele ou avoka, konseye,
Ou se kado Bondye bay pitit li,
Ou se fontèn ki founi nou lavi,
Bon santiman, se nan ou sa soti.
2. Se nan ou menm nou konn jan Bondye bèl
Nan ou menm nou goute jan Bondye bon
Ou ki limen bon lide nan tèt nou,
Ou k’aliyen bon paròl nan bouch nou.
3. Lènmi nou an, fè li pati byen lwen
E fè nou jwi kalmi nan fon fè nou
Fè nou gen fòs pou nou lite tout tan
E kondi nou pou nou pa janm fayi,
4. Fè lespri nou konnen Bondye Papa a
Ni Pitit la, fè nou konnen li tou
Ni ou menm tou ki Lespri toulède
Ak tout kè nou fè nou kwè nan ou menm.
5. Papa Bondye, n’ap fè lwanj pou ou
Pitit la, ou menm tou n’ap fete ou
An menm tan tou, nou di: Viv Lespri Sen
Lwanj pou Granmèt la pap janm fini.