1. O Granmèt mwen, ou sonde mwen, ou konnen mwen,
Ou avèk mwen lajounen tankou lannuit,
Ou konnen sa k’ ap pase nan kè chak moun,
Se ou menm k’ ape klere rout lavi mwen.
2. W’ ap veye sou mwen, Granmèt mwen, lè m’ ap dòmi,
Ou devan m’ nan tout moman lajounen an,
Nan fon kè mwen ou deside pou abite,
Mwen santi men ou ki poze sou tèt mwen.
3. Si m’ ta vole lòb bò lanmè anvan jou fèt,
Si m’ ta chèche ale byen lwen pou m’ ta kache,
Nan pwen anyen ki fènwa devan fas ou,
Lajounen tankou lannuit, se limyè pou ou!
4. Ou trase pou mwen, Granmèt mwen, santye ki dwat,
Depi m’ piti jous mwen granmoun ou avèk mwen.
Mwen lage tout lavi mwen nan bra ou Papa,
Paske se ou menm sèlman ki ban m’ kè poze!