O Bondye, wi pran lavi mwen
Fè avèk li tout sa ou vle
Mwen deside pou m’ suiv chemen ou
Mwen vle suiv ou nèt ale.
1. Chak moun dwe fè sa l’ kapab
Selon sa l’ te resevwa
Mwen santi mwen ta koupab
Si m’ ta ba ou yon ti kras
Mwen ba ou vi m’ tout antye
Kenbe men m’ pou m’ avanse
Dirije mwen jan ou vle
Volonte ou ki konte.
2. Lè m’ sonje se pa te mwen
Ki te chwazi m’ pou kont mwen
M’ape mande anndan kè m’
O Bondye ou pa ka pa la.
Yon peyi tout nèg nan ka
Tout bagay yo tèt anba
N’ape mande pou kisa
Ou bann pote kwa sa a.